Chants d'Espérance
7 - Jezikri se sèl esperans
7 CEF, Page 124
1
Jezikri se sèl esperans,
Se li sèl ki bay asirans,
Li se soutyen m li se fòs mwen
E mwen p ap rete nan chemen
Kè
Jezi se ou ki delivre m;
Se ou, Sovè m, k ape kenbe m
(2 fwa)
2
Okenn lòt plas pa ka kache m,
Okenn lòt non p ap delivre m,
Moun ki chwazi lòt direksyon,
Soufri, peri san jwenn padon.
3
Men lè tout bagay vle sonbre
Mwen gade Jezi mwen kanpe.
Lè kouraj mwen ta vle febli
Mwen jwenn sekou nan prezans li
4
Malgre lanmò gen pou vini
Sa pa vle di lavi m fini,
Avèk Jezi pa gen lanmò
Se fèmen je louvri l lòt bò.
Retour
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##