Chants d'Espérance
24 - Jezi se tout bagay pou mwen
24
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 128
Jezi se tout bagay pou mwen
Lapè, lajwa, lavi;
Se li ki fòs mwen toulejou,
Mwen ta tonbe san li
Lè m santi m tris, se li m chèche;
Si l pa te la, sa mwen ta fè?
Lè m santi m tris, li fè mwen ge
Li renmen m.
2
Jezi se tout bagay pou mwen,
Nan tout eprèv chak jou.
M ale kote li pou byenfè,
E li ban mwen yo toujou.
Li voye solèy ak lapli,
Li ban nou rekòt avèk fwi;
Solèy, lapli, rekòt ak fwi
Li renmen m.
3
Jezi se tout bagay pou mwen;
Mwen va rete fidèl;
Li tèlman fidèl anvè mwen,
Mwen pa kapab nye l.
Lè m ap suiv li, mwen pa pèdi;
Li veye mwen jou avèk nuit;
Fòk mwen suiv li jou avèk nuit;
Li renmen m.
4
Jezi se tout bagay pou mwen;
Pa gen pi bon zanmi;
M a mete pou letènite
Tout konfyans mwen nan li.
Lè li renmen m, se bèl lavi;
Li bèl, li p ape janm fini;
Vi etènèl! Jwa etènèl!
Li renmen m.
Retour
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##