✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
22 - ALa yon lanmou Mèvèye
Left
Center
Right
22 Haiti Chante avec la Radio Lumière | HCRLC / Page 254
22. ALA YON LANMOU MÈVÈYE
1.
Bondye renmen yon pechè tankou mwen,
Li pran tristès mwen, li fè kè m kontan,
Li ban m plas toupre kote Li rete,
Ala yon lanmou mèvèye.
Kè
Lanmou, si mèvèye; lanmou, si mèvèye,
Bondye renmen yon pechè kou mwen,
Nanpwen yon lòt lanmou konsa.
2.
Pou plan sa a Jezi te byen dispoze,
Malgre sa te vle di fòk Li mouri,
Li obeyi papa l san ezite,
Ala yon lanmou enfini.
3.
Nan plan redanmsyon Li Bondye achte
Yon esklav initil; se sa m te ye.
Sovè a mouri, san Li te vèse
Pou sove yon vakabon rebèl.
4.
Li resevwa m pito kòm yon pitit,
Li pa mete mwen nan ran sèvitè;
Nan gras Li papa m anbrase m touswit,
Lè m chèche padon Li ak tout kè.
(Spiritual Power No. 6)
22 HCRLC / Page 254
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊