✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
31 - Swiv Mwen
Left
Center
Right
31 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 31 HCRLC / Page 256
31. SWIV MWEN
1.
Mwen t ap fè yon wout difisil,
E m te santi m tou sèl;
Chaj lou ki te sou do mwen
T ap pese mwen desann.
Mwen te plenyen bay Jezi
Kijan mwen t ap soufri,
E mwen tande l pale ak mwen konsa:
Pye mwen te fatige tou
Sou wout mòn Kalvè a
Kwa mwen te vin tèlman lou
Li te menm fè m tonbe.
Se pou w fidèl pèleren
Jouk ou rive nan syèl,
Pran kwa ou epi swiv mwen pazapa.
2.
M ap travay di pou Jezi,
Se sa mwen te konn di
Mwen gentan fè gran sakrifis,
Pou mache avèk li.
Mwen te kite gwo lajan,
Mwen t ap vante tèt mwen
E mwen tande l pale ak mwen konsa:
Mwen te kite laglwa mwen,
Mwen gade l kòm yon pèt,
Yo kloure m sou bwa Kalvè;
Mwen fè tout sa pou ou.
Annou mache byen ansanm
Nan chemen lavi sa a.
Pran kwa ou non
E swiv mwen jouk lafen.
(Song you love 7 | No. 7)
31 HCRLC / Page 256
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊