✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
40 - Glwa pou bondye
Left
Center
Right
40 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 40 HCRLC / Page 259
40. GLWA POU BONDYE (NWÈL)
1.
Pre Betleèm zanj yo t ap chante,
Bon nouvèl lemonn yo t ap pote;
O! chan mèvèye, louwanj pou Bondye
Pou anonse nesans yon Wa.
Kè:
Glwaradye zanj yo chante !
Glwaradye vwa yo sonnen !
O! Chan mèvèye, louwanj pou Bondye
Pou anonse nesans yon Wa.
2.
Tou sezi bèje yo adore l,
Ak trezò yo maj yo vin chèche l,
Lè yo wè zetwal, sa ki pi briyan an,
Li anonse nesans yon Wa.
3.
Bèje, pwoklame temwayaj nou
E maj yo fòk nou temwanye tou,
Mesaj ki pi bèl, ki sòti nan syèl
N ap anonse nesans yon Wa.
4.
Ki sa m a fè avèk mesaj sa a?
K ap sove nenpòt moun ki kwè a?
Depi Nwèl rive, mwen pa dwe kache l
M ap anonse nesans yon Wa.
40 HCRLC / Page 259
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊