✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
50 - Mwen vle lavi m konte pou Jezi
Left
Center
Right
50 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 50 HCRLC / Page 261
50 PAMI LEMONN KAP VWAYAJE
1.
Pami lemonn k ap vwayaje
San kalkile letènite;
Men tout anbisyon mwen genyen:
Mwen vle lavi m konte pou Jezi.
Kè:
Mwen vle lavi m konte pou Jezi,
Mwen vle lavi m konte pou Jezi,
Nenpòt kote m ale,
Se Jezi yo dwe wè,
Mwen vle lavi m konte pou Jezi.
2.
Mwen vle sèvi kòm yon flanbo
E klere wout pou lèzòt yo,
Jouk lè mwen rive nan tonbo
mwen vle lavi m konte pou Jezi.
3.
Mwen vle kache nan Jezikri
E fè sèlman sa Li va di.
E fè anpil moun konnen li,
Mwen vle lavi m konte pou Jezi.
4.
Lonè, lajan, mwen pa anvi,
Mwen pito lapè de Jezi,
Nan nenpòt vil, nenpòt peyi
Mwen vle lavi m konte pou Jezi.
(Colemans M ale Quartettes No.38)
50 HCRLC / Page 261
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊