✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
58 - Mwen gen yon refij
Left
Center
Right
58 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 58 HCRLC / Page 263
58 YON REFIJ
1.
Mwen gen yon refij lè gran van ap soufle
Mwen genyen yon kote pou mwen kache,
Se wòch etènèl ki pa janm fayi,
Ak konfyans mwen byen asire.
Kè:
Wòch la se Jezi,
Senyè m ki te pann sou lakwa,
L ap ban mwen pwoteksyon ak lajwa,
Nan Li m a mete tout lafwa.
2.
Si lemonn tante m avèk tout plezi li,
Pou fè m kite wout Jezi trase a,
Mwen chèche refij la kote m repoze,
Epi tantasyon yo pase.
3.
O pechè, vin jwenn mwen nan refij sa a,
Gen plas toujou pou nenpòt moun ki vle,
Si ou bouke, fatige ak peche ou yo,
L a padone w e ba w lapè.
58 HCRLC / Page 263
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊