✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
61 - Nan gran jou rezirèksyon an
Left
Center
Right
61 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 61 HCRLC / Page 264
61 ALELOUYA, N A LEVE
1.
Nan gran jou rezirèksyon an
Lè twonpèt Bondye va sonnen
N a leve, alelouya! n a leve
N a rankontre ak sovè beni
Pi gran esperans nou genyen,
N a leve, alelouya! n a leve.
Kè
N a leve, alelouya! n a leve, amen!
N a leve
Nan gran jou rezirèksyon an
Lè pòt prizon lanmo kraze,
N a leve, alelouya, n a leve.
2.
Nan gran jou rezirèksyon an
P ap gen pi bèl gran reyinyon
N a leve, alelouya! n a leve.
Ak paran nou, frè nou ak sè nou
Ki te chache vrè padon an
N a leve, alelouya! n a leve.
3.
Nan gran jou rezirèksyon an
N a va jwenn ak Kris anlè a
N a leve, alelouya! n a leve.
Jouk mwen tou l a pote nan laglwa
E tout bagay va ranje,
N a leve, alelouya! n a leve.
(Favorites 5 - No.59)
61 HCRLC / Page 264
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊