✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
65 - Kay ki bati sou wòch
Left
Center
Right
65 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 65 HCRLC / Page 265
65 KAY KI BATI SOU WÒCH
1.
Kèlkeswa moun nan ki tande pawòl mwen
(2 fwa)
Men ki pa swiv yo
(2 fwa)
Li sanble ak yon nonm ki san konprann
Ki bati kay li bò ravin.
Kè:
Epi lapli tonbe, ravin yo debòde,
Van yo soufle, soufle, van yo soufle,
Yo dechennen kont kay sa a
Dechennen kont kay la
E li tonbe! Li tonbe! E li tonbe plat atè.
2.
Kèlkeswa moun nan ki tande pawòl mwen
(2 fwa)
Ki swiv yo byen
(2 fwa)
Li sanble ak yon moun ki byen saj
Ki bati kay li sou wòch.
Kè:
Epi lapli tonbe, ravin yo debòde,
Van yo soufle, soufle, van yo soufle,
Yo dechennen kont kay sa a,
Dechennen kont kay la.
Li pa tonbe! Li pa tonbe!
Paske fondasyon li sou yon wòch!
Paske fondasyon li sou wòch
(sou yon wòch)
.
65 HCRLC / Page 265
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊