✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
66 - Chèche pou prezante ou devan Bondye
Left
Center
Right
66 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 66 HCRLC / Page 265
66 CHÈCHE POU PREZANTE OU
1.
Anndan pawòl Bondye n a jwenn
Yon trezò verite kache,
Men si nou fouye trezò sa a
Richès li va manifeste.
Kè:
Chèche pou prezante ou devan Bondye
Tankou yon ouvriye epwouve tout kote,
Ki p ap wont lè li parèt devan Letènèl,
Ki fidèl nan bay Levanjil la.
2.
Se pou ou li Bib ou chak jou,
Pou pwofite richès Lespri,
Konsa ou a proteje toutbon,
pwojè ou yo va reyisi.
3.
Bib la montre chemen lavi
E Kris peye dèt peche nou;
Men, fòk nou konnen Bib la byen,
Pou eksplike mesaj la tou.
4.
Se moun Bondye te enspire
Ki te ekri pawòl Sakre;
E lè jijman dènye rive,
Se nan Liv sa a moun va jije.
66 HCRLC / Page 265
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊