✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
67 - Eske sa posib pou m wont Senyè mwen
Left
Center
Right
67 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 67 HCRLC / Page 266
67 ESKE M WONT SENYÈ MWEN
1.
Eske sa posib pou m wont Senyè mwen
Li te bay lavi l, pou m te kapab rachte?
Padone m Senyè, fòt mwen ak peche m
Dèske mwen te pè jan lòt yo te moke m.
Kè:
Fè m byen vayan pou m deklare
Nenpòt ki lè; nenpòt kote,
Ke Ou se Sovè m, Wa mwen e Senyè m
E yon jou, nan syèl, ou va resevwa m.
2.
Eske sa posib pou m wont Senyè a
Alòske Li nan syèl ap plede pou mwen?
Devan twòn Bondye Li priye pou mwen,
Pou m toujou venkè sou tantatè.
3.
Eske sa posib pou m wont Senyè a
Li fè mwen pwomès ma jwenn li nan syèl la?
Si m pale pou Li, pandan m isi ba,
Li p ap wont mwen Menm lè mwen rive la.
67 HCRLC / Page 266
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊