✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
68 - Li fè yo byen dispoze
Left
Center
Right
68 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 68 HCRLC / Page 266
68 LI FÈ YO BYEN DISPOZE
1.
Lè pèp Kanaran fè kè yo di kont Bondye
Yo atriste Li ak peche,
Donk Bondye voye gèp yo pou regle yo
Pou ede pèp izrayèl ganyen.
Gèp yo pèswade yo li ta preferab
Prese vit e pou yo pa mize;
Bonye pa fè y aji kont volonte yo,
Sèlman Li fè yo byen dispoze.
Kè:
Li p ape fòse nou ale, non, non
Le p ape fòse nou ale,
Le pa fè nou aji kont volonte nou,
Sèlman Li fè nou byen dispoze.
2.
Si yon nich gèp vivan te andedan chan nou
Epi gèp ta kòmanse vole;
Nou pa ta bezwen konvenk ou pou sòti,
Ou ta prese kouri sòti vit.
Se pa akòz fòs yo pou yo pouse ou,
Jete ou nan fenèt la non;
Yo p ap fè ou aji kont volonte ou
Sèlman yo fè ou byen dispoze.
3.
Lè yo voye Jonas nan lèv le Senyè a,
Li pa te vle ale laba,
Li pa janmen fè yon travay ki si rèd,
Donk, li abandone travay la.
Men Bondye fè yon gwo pwason vale li,
Se yon istwa nou tout konnen,
Li p ap fè nou aji kont volonte nou,
Sèlman li fè li byen dispoze.
4.
Lè Balaam a l kote Moab la,
Li te vle regle zafè li;
Bourik li repwoche l nan mitan chemen,
Misye admèt pou li obeyi.
Si l ka sèvi ak yon bourik Bondye ka
Fè ak nou nenpòt sa Li vle;
Li p ap fè nou aji kont volonte nou
Sèlman Li fè nou byen dispoze.
5.
Gen anpil moun ki sanble ak bourik
Toude se bèt rebèl, se vre;
Si ou di l Vire se toudwat la ale
Ou di l La se atò li mache;
Chan sa a parèt dwol, men li se verite
E mwen pa ta swete gèp pike ou
Donk, pa reziste kont lapawol Bondye
Kite li fè ou byen dispoze.
68 HCRLC / Page 266
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊