✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
72 - Gran Jou Jijman
Left
Center
Right
72 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 72 HCRLC / Page 267
72 Gran jou jijman
1.
Mwen reve mwen tande twonpèt yo
Ki anonse gran jou jijman an
Mwen reve nasyon yo rasanble
Pou yo jije devan twòn blan.
Yon zanj tou klere kite twòn nan
Li kanpe sou latè ak lamè.
Li sèmante ak Men dwat sou syèl la
Wi tan an pral sispann egziste.
Kè:
Ala moun pral kriye, rele
Lè koupab yo tande santans la
Yo rele pou montay yo kache yo
Yo kriyè, men se te twò ta.
(2 fwa 2 liy)
2.
Nonm rich la de men vid te parèt
Tout lajan l gentan disparèt.
Li pa t ka pote l nan jijman li
Pou akite yon si gran dèt.
Grannèg te la men enpòtans li
Pa t konte lè lanmò mele
Lè zanj la egzamine achiv li
Non grannèg la pa t janm mansyone
3.
Vèv yo te la ak òfelen yo
Bondye tande lè yo kriye.
P ap janm genyen tristès nan syèl la
Tout dlo nan je va fin siye.
Tafyatè te la ak banbòchè yo,
Avèk tout moun ki t ap vann tafya
Wangatè, volè ak adiltè yo
Tout ansanm te desann nan lanfè.
4.
Mesye moral rive nan jijman
Men bon zèv moral li pa t sifi,
Sa yo ki te krisifye Jezi
Te pase pou moun moral tou
Epi sa yo ki te konn ap di :
Pita n a gentan sove wi
Se poko lè pou nou pran Jezi.
Potan yo jwenn tan pou mouri !
72 HCRLC / Page 267
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊