✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
73 - Ala yon jou lapli
Left
Center
Right
73 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 73 HCRLC / Page 267
73 Ala yon jou lapli
1.
Sa fè Senk mil ane pase Noye bati lach la
Bondye di: M ap voye delij
Pou detwi latè a.
Zannimo antre andedan, betizè yo mande
Si Noye panse fè lach sou tè sèk derape.
Ak fanmi li, Noye antre, Bondye fèmen pòt la
Syèl la vin sonm, zeklè pete,
Pasyans Bondye kaba.
Kè
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Li tonbe pandan karant jou,
San li pa rete ditou, ditou,
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Men lach la vwayaje toujou;
Ala yon lapli!
2.
Moyiz ale sou lòd Bondye
Bay pèp la libète,
Wa ejip deklare: Mwen p ap kite esklav ale
Banboche nan dezè a,
Puiske yo tout parese,
Olye mwen lage yo,
M a fè travay yo redouble.
Moyiz reponn Ou pral soufri.
Men Moyiz pa te pè.
Li kanpe bò rivyè a l leve baton li anlè.
Kè
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Sotrèl, krapo, mouch, pou, ak grèl
Grengole sou Lejip sòt nan syèl.
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Farawon pa t ka sipòte l.
Ala yon lapli!
3.
Nan tan Eli an Israyèl lè Wa Akab renye,
Sechrès te rèd, twazan edmi
Lapli a pa t tonbe,
Akab banboche sou Kamèl, lè Eli t ap priye
Sis fwa nanpwen anyen,
Men Eli pa t dekouraje,
Byento yon ti nyaj parèt,
Eli te pran kouraj li di Akab:
Ou dwe pare pou yon kokenn lapli.
kè
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Syèl la tounwa, dlo a te frèt;
Akab rann kont se pa yon jwèt;
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Lè li rive li mouye nèt.
Ala yon lapli!
4.
Avan Jezi tounen nan syèl kote Li te sòti
Ak onz apot yo Li pwomennen
Jouk nan Betani
Li di: Lè m rive nan syèl la
M a voye Sentespri a
Donk, rete a Jerizalèm
Jouk pisans la vini.
Sanven disip nan chanmòt la
T ape veye e priye
Yon van sibit sekwe kay la
Benediksyon vide.
Kè:
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Bondye voye Sentespri li
Yo preche chak moun nan lang pa li
Ala yon lapli!
(2 fwa)
Mesaj gaue nan tout peyi
Ala yon lapli!
73 HCRLC / Page 267
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊