✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
74 - Pòt sali a
Left
Center
Right
74 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 74 HCRLC / Page 268
74 Pòt sali a
1.
Lavi a se tankou yon gran wout
Li genyen yon pòt tou
Pòt sa se pòt delivrans lan
Bondye ofri tout moun
Anpil moun pase nan pòt la,
Malgre yo te soufri
Pòt sa louvri laj pou tout moun,
Vini pase ladan l.
2.
Pòt sa mennen nan wout etwat
Wout ki mennen nan syèl
Nenpòt moun kapab rive la,
E evite jijman
Malgre wout la ka gen Pikan
Sa pa dwe fè nou pè
Se Men Jezi ki la chak jou,
Pou soutni mouton pa l.
3.
Pòt sa klere, Jezi ouvri l,
Lè l soufri sou Kalvè,
Yo pèse fwon l, yo pèse pye l
LI te soufri pou nou
Pitit Bondye lè l krisifye,
Detwi pouvwa lanfè
Se pou di tout moun toupatou,
Jesi mouri pou yo.
4.
Jezi te leve nan lanmò,
Plas Li nan syèl, anwo
Koute ki jan Li envite
Tout moun vin repanti.
Se pou nou tout li te soufri
San l koule tankou dlo
L ap tann tout moun ki kwè nan li
Pou ba yo padon Li.
(Salvation Songs 3 - No.91
74 HCRLC / Page 268
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊