✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
75 - Bèl sous lavi a
Left
Center
Right
75 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 75 HCRLC / Page 269
75 Bèl sous lavi a
1.
Nan m mwen te swaf
Li pa t jwenn satisfaksyon
E plezi lemonn te twonpe nanm mwen,
Men yon bon jou
Lè m t ap chèche soulajman,
Jezi te di m : Genyen lavi nan mwen.
Kè:
Wi, mwen te jwenn li, bèl sous lavi a,
Grasa Jezi, ki te mouri pou mwen,
San Li te koule, sou mòn Kalvè a;
E kounye a Li satisfè nanm mwen.
2.
Lavi m te tris lè m pa t ko konnen Jezi,
Pa t gen espwa, nanm mwen te boulvèse,
Men gras Bondye te louvri sous lavi a,
M te jwenn ladan padon ak libète.
3.
Zanmi mwen yo, O! poukisa nou mize
Vin kounye a, vin jwenn sous lavi sa a,
Fado peche two lou pou nou sipòte,
Jezi vle ban nou repo jodi a.
75 HCRLC / Page 269
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊