✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
85 - Li se yon Bondye damou
Left
Center
Right
85 Haiti Chante avec la Radio Lumière | 85 HCRLC / Page 271
85 Li se yon Bondye damou
1.
Bondye damou! syèl la di li,
Bèl zetwal manifeste li,
Bondye damou! Nanm mwen chante li;
Tout kolin repete glwa Li,
Menm ravin chante istwa Li,
Bondye damou! Ann chante pou li.
Koute lè van an ap soufle
Dousman nan pyebwa;
Tande wosignol la pwononse, Alelouya!
Eske w tande chan y ap chante?
Kreyasyon ap manifeste,
Bondye damou ! Se yon Bondye damou!
2.
Bondye damou! Men bon nouvèl!
Se mesaj ki pi esansyèl,
Bondye damou! Bib la anonse
Jezikri gran Kreyatè a
Te vini kòm Redanmtè a,
Nan plas nou Li aksepte soufri.
Nan yon tribinal women yo kondane li,
Yo te meprize gwo gras ak delivrans Bondye;
Sou lakwa Li ba nou lavi,
Pa lafwa nou aksepte Li,
Bondye damou! Wi Bondye damou!
(Favorites 5 - No. 29)
85 HCRLC / Page 271
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊