✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
5 - Anba lonbraj lakwa Jezi a
Left
Center
Right
05 Révéillons-Nous | 05 RNC / Page 333
1.
Anba lonbraj lakwa Jezi a
Se la nou va repose;
Wi repose nan gras Bondye
Ala bèl bagay lè n ap mache
Men nou nan men Jezikri,
N ap rete fèm nan gras Bondye
Refren:
Jezi bon bèje ap veye sou nou
Li fè nou pwomès, li pa p janm dòmi
Se poutèt sa nan kay bèje a
Mouton yo gen kè poze;
Wi repoze nan gras Bondye
2.
Nan pi bèl patiraj ki genyen
Se la li fè nou manje;
Nan pi bèl zèb anba frechè
Nan pi bèl rivyè k ap koule,
K ape koule byen trankil,
Li fè nou bwè swaf nou pase.
3.
Ou menm k ap travay pou Jezi
Ou pa bezwen dekouraje;
Kenbe pi fèm, ou va rive,
Gras Bondye se benediksyon,
Eske w pa ta renmen l tou
Chwazi Jezi Jodi a menm.
05 RNC / Page 333
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊