✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
7 - Pouki moun palè Kristal sa a?
Left
Center
Right
07 Révéillons-Nous | 07 RNC / Page 334
1.
Pouki moun palè Kristal sa a?
Se pou mwen ak Jezikri,
Pouki moun fotèy annò yo?
Se pou mwen ak rachte yo
Refren:
Se yon bèl palè Kristal
Avek anpil chèz annò
Pou tout moun ki vle ale
Avek Segnè Jezi.
2.
Jerizalèm nan bèl anpil,
Li pi bèl pase dyaman.
Li soti kote Bondye menm
E li gen tout glwa Bondye.
3.
Pa bezwen solèy ak lalin
Pou klere nou jou e nwit
Men laglwa Bondye va briye
Ekla li va yon flanbo.
4.
P ap gen krent, doulè, ak touman;
Ni lanmò, ni maladi.
Medizans, kout lang va fini,
Se lajwa lanmou san fen.
5.
Ala yon bèl jou sa va ye
Lè twonpet la va sone.
Pou tout mò an Kris yo leve;
Pou y al rankontre Jezi.
X
07 RNC / Page 334
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊