✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
8 - Mwen pa gen moun k ap separe m ak Kris
Left
Center
Right
08 Révéillons-Nous | 08 RNC / Page 334
1.
Mwen pa gen moun k ap separe m ak Kris
(2 fwa)
Mwen sonje byen kòman m te pèdi;
Nan bafon peche kote m te ye
Jezi te rachte m ak san li
Mwen pa gen moun ki kap separe m ak Kris.
2.
Mwen sonje kòman m te nan esklavaj,
Jezikri te vini ak san li.
E li te retirem nan esklavaj
E li peye dèt peche mwen yo,
Mwen pa gen moun k ap separe m ak Kris.
3.
O! Jezikri se mèvèy pou mwen!
Ki moun ke ka separe m ak Kris?
Jezikri li menm bon Bèje.
Li te bay pwòp tèt li pou sove m
E li te rachte m nan men Satan.
Ki moun k ap separe m ak Kris ?
4.
Mwen pa kapab bliye soufrans Jezi
(2 fwa)
Yo te pandye li sou lakwa,
Yo te souflete li ak kalòt,
E li aksepte tou sa pou mwen.
Ki moun ki ka separe m ak Jezi?
(2 fwa)
08 RNC / Page 334
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊