✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
13 - Kretyen, Letènèl konnen Satan genyen pisans
Left
Center
Right
13 Révéillons-Nous | 13 RNC / Page 335
1.
Kretyen, Letènèl konnen
Satan genyen pisans
Li fè nou nan prezans li,
Lave nou toulejou
Priye veye jou e nwi,
Satan pa nan dòmi.
Jezi la toulejou
Si n konfye n nan li sèl.
Refren:
Jezi sove nou, li delivre nou,
Jezi la, li avèk nou, li pa pi lwen.
(2 fwa)
2.
Lè m te chita nan Legliz,
M te di m ansyen;
M te mete baryè
Pou levanjil pa preche,
Kris konnen moun li chwazi
Pou preche levanjil
Fòk mwen preche levanjil,
Jezi ban mwen pisans.
3.
Levanjil ki pou preche
Pou kè yo konvèti
Fòk se pas an ak lachè
Lògèy, filozofi.
Obeyisans nan lafwa
Ak pisans Sentespri
Sentespri la toutan
E li va ede nou.
4.
Lè m t ap chwazi relijyon
M te chaje ak lògèy,
Moun pa t pale avèk mwen
Pou m pat bay repons,
Lè Jezi rantre nan kè mwen.
Mwen vin chanje konplètman.
Kris fè m konnen l pran chay mwen
Se pou m rete kote l.
13 RNC / Page 335
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊