✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
77 - Yon jou m te pèdi nan chemen an
Left
Center
Right
77 Reveillons-Nous | 77 RNC / Page 355
1.
Yon jou m te pèdi nan chemen an
Mwen pa te ka konnen
Ki kote m dwe ale
Men yon moun te vini pran men mwen
E li te kondwi mwen kote dlo a byen fre.
Ke
Jezi se Wa, Jezi se Wa,
Jezi se Wa tout wa
L ap vin chèche mwen
Pou m ale nan syèl la
Jezi se Wa tout wa.
2.
Depi jou men l te poze sou mwen
Lavi mwen te chanje
E nanm mwen te vin lib.
Nan kè mwen toujou genyen yon chan
Ki temwanye grandè
Gran lanmou li pou mwen.
3.
Ala yon si gran jou sa va ye
Lè Jezi va vini
Pou pran mwen avèk ou
Anpil moun va di: Senyè! Senyè!
Men yo p ap ka antre nan bèl vil selès la.
77 RNC / Page 355
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊