✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Des Cantiques Spéciaux
8 - Sa ou ye pou mwen
Left
Center
Right
11 Des Cantiques Spéciaux - CS / Page 482
Sa ou ye pou mwen
1
Sa ou ye pou mwen
Se pa bagay m p ap janm ka fin eksplike
Ou jwe wòl manman, ou jwe wòl papa
Parenn mwen se ou.
Si se pa t gras ou konbyen m t ap bay
Pou m jwenn yon zanmi tankouw
Ou se richès mwen, bonè mwen
Se sa mwen ka di.
Refren
Ou se referans mwen
Ou se garanti mwen
Espwa mwen se ou.
Ou se asirans mwen,
Si w pa t la sa m ta fè,
Kouman sa t ap ye.
2
Ou jwe wòl manman, ou jwe wòl papa
Janmen ou pa janm trayi m
Ou se kat kredi m, se ou ki kanè m
San ou mpa fonksyone
Ou plis kon mari, ou plis kon madanm
Pèsòn paka konpare w,
Ou se tout byen m
Espwa mwen, se sa mwen ka di.
3
Non sèlman ou pran swen m
Ou pwomèt mwen
Yon lavi ki p ap gen fen
Bagay menm nan rèv mwen mwen pa t ap wè
Ou ban mwen yo gratis.
Koze maladi, koze lanmò,
Tout bagay sa yo regle,
Ou se doktè m, konseye m,
Se sa mwen ka di.
Chant du Groupe les Gilbert
Groupe les Gilbert
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊