✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Des Cantiques Spéciaux
9 - Deyò a pa gen anyen
Left
Center
Right
12 Des Cantiques Spéciaux - CS / Page 483
Deyò a pa gen anyen
1
Lavi ou lanmò banm Jezi
Pa gen anyen k pou fè m kite l,
Se nan li k gen lavi
Si nan lemonn te gen afè
Se la n te ye nou tap jwenn li
Kounye a m santi m byen, kite m la.
Refren
Deyò a pa gen anyen,
Se ladan l mwen te ye
Eske w wè se menm bagay
Lè w rankontre Jezi
Yon bon zanmi tankou Jezi m pa wè
Rezon pou m pa sèvi l,
Fò n lage kò n nan men l je fèmen.
2
Gen moun vrèman ki gen lajan,
Men tèt yo cho tankou vè lanp
Y ap tann jou regleman
Lè se Jezi k ba ou richès,
Li pa ba ou l ak regleman,
Lè sa w santi w alèz, kè w anpè.
3
Lè w nan lemon ou pran plezi w
Lè sa w pa gen okenn limit,
Ou vire kò w jan w vle
Byen manje, byen bwè, byen mennen,
Mezanmi se pa ti koze
Lolo, Satan ap lolo w pou l manje w.
4
Gen lè w bliye kote w sòti,
M wè ou gen lide pou tounen,
Sanwont kita nan kò w
Sa ou te konn pran nan lemonn,
Jis kounye a w pa vle rayi l
Ala ou gen mizè rekonesans.
5
Si w wè jodia m ap chante
Se gras Bondye k mete m sou moun,
Se yon moun fini m te ye
Lè m rankontre avèk Jezi
Li kraze m epi li refè m
Depi lè sa a m chanje, men mwen.
Chant du Groupe les Gilbert
Groupe les Gilbert
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊