✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Des Cantiques Spéciaux
10 - Gras Bondye sou mwen
Left
Center
Right
13 Des Cantiques Spéciaux - CS / Page 483
Gras Bondye sou mwen
Refren
Si n ap viv frè mwen
Gras Bondye kouvri n
Pa gen anyen n fè pou sa
Se rete n, rete n wè n konsa.
(2fwa)
1
Si se pa t Bondye k te kenbe m,
Vye lavi t ap gentan kraze m,
Pa gen rezon pou n atriste
Lè w wè afè w poko mache.
Bondye gen yon plan pou chak moun
Rete tann li pa gad sou moun
Lè jou delivrans ou rive
Pa gen moun ka anpeche l.
2
Pi ga w enkyete w pou lavi
Sèlman kwè nan sa Bondye di
Menm si lavi a difisil
Pou Bondye tout bagay fasil
Si moman an parèt tou nwa
Toujou kwè gen yon lè fò l konsa
Moun ki met konfyans nan Bondye
Pa janm rete abandone.
3
Pouki sa n ap plede plenyen
Tout jounen figi ou fennen
Ou bliye si Bondye fidèl,
Li sansib pou moun ki avè l
Ou pa bezwen di moun afè w,
Se sèl li menm ki wè mizè w
Konnen byen si n dekouraje.
Se Satan n ap ankouraje
Se gras Bondye
Si w wè m ap mache, baka pa manje m
Se gras Bondye
Ensekirite... kè m pa janm sote
Menm si lavi a chè men nou toujou manje
Si w wè m ap mache, m ap bay Bondye glwa
Si w wè pou legliz n ap sèvi Bondye
Si nou pa malad, nou pa lopital
Si w wè n al lekòl, nou tout reyisi.
Chant du Groupe les Gilbert
Groupe les Gilbert
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊