✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Des Cantiques Spéciaux
15 - Tout jenou flechi
Left
Center
Right
18 Des Cantiques Spéciaux - CS / Page 485
Tout jenou flechi
Refren
Jezi! tout tèt bese
Jezi! tout jenou flechi
Jezi! ala yon non!
Depi w site l
Wayòm Satan tranble.
1
Gen kèk moman m konn santi m antrave
Mwen sèlman site Jezi m soulaje
Nan tout linivè se non sa a k pi gran
Se li pou w site pou w jwenn bout Satan
Gen moun se yon priyè yo fè konfyans
Ak tout priyè w la Satan p ap ba w chans
Gen kè k kote priyè w la p ap sèvi
Lè sa a wa sezi wè w te nan manti.
2
Gen kè k moman Satan fin dechennen
L ap bay presyon li pa vle wè kretyen
Mwen sèlman di: Jezi! li pran kouri
Se sèl non ki fè kè Satan sote
Se non sa a mwen genyen kòm md pas
Depi m site l tout bagay vin anplas
Non sa a pa gen fontyè, li pa gen baryè
Nenpòt lè w site l se pou l fè w wè klè.
3
Devan non Jezi Satan pa kanpe
Devan non sa a maladi dwe bat ba
Se yon non pisan ki chaje ak fòs,
Lè mwen dekouraje se li k banm fòs
Pa gen nan syèl la yon lòt pi gran non
Pa gen sou tè a yon lòt non konsa,
Nan lespas, anba tè a ou p pap jwenn
Se sèl non sa a ki depase tout non.
Chant du Groupe les Gilbert
Groupe les Gilbert
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊