✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
L'Ombre du Réveil
26 - Gen yon jou mwen p ap janm bliye
Left
Center
Right
26 L'Ombre du Réveil | ORC / Page 396
26. GEN YON JOU MWEN P AP JANM BLIYE
1.
Gen yon jou mwen p ap janm bliye
Wi yon jou mwen p ap janm bliye
Se jou lè m te rankontre ak Sovè a
Li te padone peche m
Lajwa te ranpli nanm mwen
Se yon jou wi yon jou
Mwen p ap janm bliye.
Kè
Menm si m ta gen di mil ane
Pou m chante louanj pou ou Bondye
Mwen realize tout sa pa t ap janm sifi
Pou m di tout sa ou ye pou mwen.
2.
Gen yon jou mwen p ap janm bliye
Wi yon jou mwen p ap janm bliye
Se lè Jezikri te mete men sou mwen
Tout tristès mwen yo ale,
Lavi mwen te vini chanje
Se yon jou wi yon jou m p ap janm bliye.
3.
Pou tout sa Jezi fè pou mwen
Pou tout sa li pase pou mwen
Mpa konprann kòman Sovè a fè
Renmen mwen konsa
Lanmou li genyen pou mwen menm
Lapè li mete nan kè mwen
Pou tou sa, wi tout sa m pa ka janm bliye
4.
Gen yon bagay mwen pa ka konprann
Yon bagay mwen pa fin konprann
Kòman Sovè a fè renmen mwen konsa
Mwen te yon pechè kondane
Men kounye a mwen libere
Mwen ka di ou kounye a
Mwen se yon nonm ere.
26 ORC / Page 396
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊