✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Gloire à l'Agneau
40 - AKOLAD - Lòtbò pon an p ap genyen tristès
Left
Center
Right
40A Gloire à l'Agneau | GAC / Page 427
AKOLAD
Lòtbò pon an p ap genyen tristès,
Lòtbò pon an p ap gen traka;
Solèy klere Lòtbò rivyè a,
E moun p ap janm genyen dlo nan je ankò.
Si latè ta pran dife
Kote n prale abite?
(2 fwa, 2 liy)
N a prale, n a prale, n a prale abite
Ak Jezi.
(2 fwa)
Mwen se sòlda Jezi;
(2 fwa)
Menm si mwen pa abiye an kaki,
Pote yon revolvè, tire fizi anlè,
Menm si mwen pa gouvène bato a,
Mwen se sòlda Jezi;
Pandan Kezi te sou lanmè a avèk disip li yo
Nan yon ti kannòt, yo t ap vwayaje.
Nan moman sa a yon tanpèt te leve;
(2 fwa)
Jezi te nan dòmi, Pyè te pèdi lafwa
Li di Senyè men n ap peri.
Menm lè a Jezi leve nan dòmi,
Li menase van, li menase lanmè a,
Tanpèt la te rete.
Jezi di Pyè pouki ou pèdi lafwa;
(2 fwa)
Te kwè m te di ou, depi m la avèk ou
Ou pa bezwen pè, gade kal ou.
Pandan m sòti an Galile
Mwen wè Jezi ape vini
(2 fwa, 2 liy)
Dlo a chanje.
(3 fwa)
Men dlo a tounen diven
Gade mirak Jezikri fè,
Men dlo a tounen diven.
M ap vwayaje, m ap vwayaje, m ap vwayaje
Nan peyi Kanaran an.
(2 fwa, 2 liy)
Ki bato w ap pran, bato, bato Sentespri a.
Ban m yon chans
Pou m ka reviv ankò, Senyè
(2 fwa, 2 liy)
Malgre traka, malgre soufrans nan lavi sa a
Ban m yon chans pou m ka reviv ankò.
40B GAC / Page 427
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊