✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Gloire à l'Agneau
41 - Jezi pral jije Kriminèl yo
Left
Center
Right
41 Gloire à l'Agneau | GAC / Page 428
41. JEZI PRAL JIJE KRIMINÈL YO
Kè
Jezi pral jije Kriminèl yo
E l ap kondane yo;
Jezi pral jije Kriminèl yo
L ap pwononse santans yo.
Lè Li va louvri gwo live la
Pou l fè apèl mechan yo;
Jezi pral jije kriminèl yo
E l ap kondane yo.
1.
Lè n rete n ap gade sa k ap pase;
Nou pa ka pa pale.
Mechan yo ap touye, y ap maltrete
Tout pitit Bondye yo.
Yo touye ti bebe nan bèso yo
Sa a se mechanste,
Letènèl pral vanje san inosan
Yo te sakifye.
2.
Lè nou wè sa k ap pase pitit Bondye yo,
Dlo koule nan je nou.
Y arete, yo maspinen, yo kraze zo yo
Yo menm fiziye yo.
Yo mete yo nan prizon, yo bliye yo
Sa a se mechanste;
Gen yon jou ki pral rive
Yo p ap kenbe yo, fòk yo libere.
3.
Te gen yon nonm lontan ki te awogan
Yo te rele l Golyat, pa t gen moun
Ki te gen dwa pou l te ka kanpe
Pou l goumen ak Golyat.
L arete, li fizye, l anprizone
Pitit izrayèl yo;
Letènèl voye David vin atake li
Golyat te tonbe, se vre.
4.
Lè ou rete ou wè yon nonm kenbe yon nonm,
Li met kouto nan kou l;
Li pran vè l li pare l l ape pran san,
Pou l ale banboche.
Li pa menm reflechi si se frè li,
Sa a se mechanste
Letènèl pral pale, li pral di, arete!
Jou pa m nan rive.
5.
Letènèl ap pare bèt sovaj yo,
E l ap antere yo;
Jou festen an tou rive pou li vanje
San pitit li yo.
Jeneral, gouvènè, wa latè yo
Vi nou menase;
Vini non sa n ap tann, chape pou l nou
Jou a pre rive.
Jean Rene Charles
41 GAC / Page 428, Jean Rene Charles
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊