✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Les Cantiques de Beraca
8 - Senyè ou sonde m ou konnen
Left
Center
Right
08 Les Cantiques de la Convention Béraca | CB / Page 464
8. SENYE SONDE M
1.
Senyè ou sonde m ou konnen
Ki moun mwen ye
Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe
Malgre ou byen lwen ou konnen
Tout sa k nan mwen
Ou konnen sa mwen di
Menm lè bouch mwen ret fèmen
Kote m vire ou la ou pwoteje m ak pouvwa ou
Tout lajwa m se nan ou,
louwanj ak glwa m pote ba ou
Kè
Tout je m fikse sou ou papa mwen
Se ou sèl mwen vle suiv jouk lafen
Lè men m nan men w, m ap toujou mennen
Solèy ap klere nuit kou lajounen
Tout wout mwen ap klere jouk lafen
2.
Senyè konesans ou genyen twòp pou mwen
Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je w
Nan syèl, anba tè ou nan peyi byen lwen
La ankò w ap toujou fè m santi jan w pre m
Kit fè nwa lajounen tout bagay byen klè pou ou
Lè m voye je gade w
Tout nanm mwen vle louwe ou
3.
Senyè sa ou vle twò difisil pou konprann
Lèfini yo anpil menm pi plis pase zetwal
Menm si m fè Jefò mwen fè tenten anba chal
Pou m mache nan bon wout
Se sou ou sèl mwen depann
Sonde mwen, fouye mwen,
Ak tout fòs mwen m vle louwe w
08 CBC / Page 464
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊