✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Les Cantiques de Beraca
11 - Ann louwe bondye
Left
Center
Right
11 Les Cantiques de la Convention Béraca | CB / Page 465
11. ANN LOUWE BONDYE
Men leve devan w Bondy
M ap repann nanm mwen pou m ba ou glwa
Mwen louvri gòj mwen pou m ba ou glwa
Paske se ou k genyen tout pouvwa
M ap rete byen fò pou m fè louwanj ou
M desann mwen byen ba devan ou
Mwen vin pwoklame ki jan ou gran
Mwen vle egzalte non w pou toutan
Lè m rele nan pye w, ou tande rèl mwen
Anba chenn peche ou delivre mwen
Ou toujou reponn ak tout bezwen mwen
Senyè ou toujou soulaje mwen
Se ou ki ban m fòs pou mwen goumen
Devan tantasyon k vle fè m trennen
Lè chemen mwen nwa, ou toujou ban m men
Ou ban mwen lespwa lè tout pòt fèmen
Se ou ki ranpa, wòch delivrans mwen
Sou tout ti pye bwa lawouze simen
Ou gen tout pouvwa, ou beni nanm mwen
Jezi ou se wa w ap gouvènen
11 CBC / Page 465
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊