✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Les Cantiques de Beraca
20 - Bondye deklare m jis
Left
Center
Right
20 Les Cantiques de la Convention Béraca | CB / Page 467
20. BONDYE DEKLARE M JIS
1.
Mwen te pèdi nan peche
Lanmò m te merite
Bondye nan lanmou li
Pito voye Jezi mouri
San Jezi ki koule
Ka lave tout peche
Paske mwen kwè nan sa
Kondanasyon m kaba
Kè
Bondye deklare m jis
Menm si w panse m koupab
Bondye ap saktifye m,
L ap ede m pazapa
Li gen pou glorifye m
Lè l mennen m nan laglwa
Non! pa gen dout nan sa
Mwen sove, m sove nèt
2.
Mwen jwenn padon peche
Gras mwen pa t merite
Li fè m kado lavi
M ap viv pou fè l plezi
Mwen fè Bondye konfyans
L ap ban mwen plis pasyans
Pou m viv yon vi ki sen
Pou m suiv li jouk lafen
3.
Bondye toujou fidèl
Li p ap manke pawòl
Li jis, li patènèl
Li p ap pèdi kontwòl
Travay li kòmanse
Li p ap lage l nan wout
M asire m a rive
Nan syèl la kout ke kout
20 CBC / Page 467
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊