✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Les Cantiques de Beraca
31 - Ala bon sa bon
Left
Center
Right
31 Les Cantiques de la Convention Béraca | CB / Page 470
31. ALA BON SA BON
Kè
Ala bon sa bon lè yon nasyon
Gen Senyè a pou Bondye li
(2 fwa)
O wi sa bon lè yon nasyon
(2 fwa)
Genyen Senyè a pou Bondye li...
1.
Se li ki kreyatè a
Li gen twòn li nan syèl la
Se li menm k ap kòmande
Sou tout limanite
Li genyen bon kè
Se nan li ki gen bonè
Li p ap janm chanje
2.
Bondye fè wout nan lanmè
Israyèl genyen lagè
Tout sa se mèvèy Bondye
Wi li gran tout bon vre
Li prèt pou aji
Pou tout moun ki repanti
E ki kwè nan li
3.
Kretyen an n leve kanpe
Peyi nou ka delivre
Rele Bondye toupatou
Li va tande rèl nou
E se va lapè
Lajwa, lanmou nan tout kè
Tout kote n pase
31 CBC / Page 470
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊