✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Les Cantiques de Beraca
43 - Ala gwo mèvèy nou pral fè
Left
Center
Right
43 Les Cantiques de la Convention Béraca | CB / Page 473
43. ALA GWO MEVEY !
1.
Ala gwo mèvèy nou pral fè
Lè Senyè a bò kote nou
Anyen pa kapab fè nou pè
Lè Senyè a konbat pou nou
Okenn lènmi p ap reziste
Devan pouvwa pisans Bondye
Kè
Kite Bondye dirije nou
Nan tout konba nan lavi sa a
Menm si pwoblèm vle fè nou fou
Avèk li n ap gen laviktwa
2.
Maladi ka frape kò nou
N ap rete fèm nan Senyè a
Satan te mèt vin tante nou
Nou deja genyen batay la
Lè Senyè a pran defans nou
Lènmi yo kouri devan nou
3.
Okenn traka p ap ebranle n
Lè nou sou chemen lavi sa a
Paske Bondye ap dirije n
Depi nou rete pre lakwa
Lènmi yo te mèt atake
Nan Bondye viktwa n asire
43 CBC / Page 473
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊