✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons-Nous Chrétiens
2 - Le n rete nap gade
Left
Center
Right
02 Reveillons Nous Chrétiens | RNCC / Page 439
2. Lè n rete nap gade
1.
Le n rete nap gade
Nou wè tout bagay tounen dèyè
Menm latè revolte
Nou wè menm solèy la vin pi cho
Lè n gade nan legliz
Rayisman vle ranplase lanmou
Nape rele Bondye poun mande'l
Kote sa prale.
Kè
Vini, vini non Senyè Jezi
Vini, vini se ou nape tann
Vini, vini non Senyè Jezi
Vini, vini nou pa ka rete
Vini, vini non Senyè Jezi
Vini, vini se ou nape tann
Vini, vini non Senyè Jezi
Vini, vini nou prale avè ou.
2.
Nap viv nan yon moman
Nou wè pwofesi yo ap akonpli
Pitit pa konn manman
Nou wè papa pa vle wè pitit
Manman avèk papa
Pa gen pouvwa sou pitit ankò
Tout moun fè sa yo vle,
Pa gen pèson ki ka kòmande
3.
A la bèl sa va bèl
Se lè n a wè nou kite tè sa a
Pou nou monte nan syèl
Pou n al rejwi avèk papa nou
Wi sa va mèvèye
Se lè n a wè n nan pye Senyè a
Lè sa a nou va bliye
Tout traka n te pase sou tè sa a.
RNCC / Page 439
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊