✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
31 - N ap viv nan yon ti tan
Left
Center
Right
31 Révéillons-Nous | 31 RNC / Page 341
1.
N ap viv nan yon ti tan
Lasyans ape fè pwogrè
Lè nou ouvri Bib la
Se bagay ki te ekri
Lèzòm al nan lalin
Refren:
Bondye bay konesans
Pou chanje kè lèzòm,
Epi sa ki pi bèl,
Li fè yo al nan lalin
Men ou menm frè mwen,
Piga w pèdi lafwa
Tout sa se pwofesi
Nou wè k ap akonpli.
2.
Frè mwen an Jezikri,
Annou travay pou mèt la
Ou menm k ap priye
Miltipliye priyè ou
Ou menm k ap preche
Mande Jezi direksyon
Si ou preche lachè
Ou met tèt ou nan erè.
3.
Lèzòm al nan lalin
Y ap chache sekirite
Gen lè yo te konprann
Yo t ape wè sovè a
Lè yo te rive,
Yo wè se tankou latè
Yo pat wè Letènèl
Epoutan l ap gade yo.
4.
Pitit Jezi yo
Piga nou dekouraje
Gen yon jou k ap vini,
Bondye pral mande nou kont,
E selon sa nou fè
Li va ban nou rekonpans;
Se sèlman Letènèl
Ki va genyen dwa sou nou.
31 RNC / Page 341
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊