✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Réveillons Nous
39 - Mwen t ape viv nan peche
Left
Center
Right
39 Révéillons-Nous | 39 RNC / Page 343
1.
Mwen t ape viv nan peche,
Nan lemonn sa a ki twouble,
E m te fè anpil bagay mwen pa t dwe fè;
Mwen t ape chèche repo,
Yon kote pou mwen poze
Pou mwen jwenn lapè, lajwa,
Lanmou san fen.
Refren:
Lòtbò pon an p ap gen traka.
Lòtbò pon an, p ap gen tristès
Solèy klere lòtbò rivyè a
E mwen p ap janm
Genyen dlo nan je ankò.
2.
Senyè Jezikri ki Wa mwen,
Jouk mwen tande vwa l pale
Mwen va chante tout mèvèy
Li fè pou mwen
Rivyè jouden an pre,
Vwa twonpèt la va sonnen
E mwen va wè bèl kote
Lòm pa janm wè.
3.
Lè m a rive nan syèl la
M a chita ak byenneme yo
E m a chante glwa li pou letènite,
Kè mwen va ranpli ak jwa,
Lè m va wè vil selès la.
Kote m a viv pou letan letènite.
39 RNC / Page 343
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊