✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chorale Centrale EEBV
3 - Eksperyans nou nan Jezu
Left
Center
Right
Eksperyans nou nan Jezu
Eksperyans ke nou reyalize
Nan mache ak Jezu depi nou konvèti
Fè nou wè nan lavi sa, pa gen zanmi kon li.
Li tèlman fè mèvèy nan lavi n,
Li chanje sikonstans ki te ka ebranle n,
Nap mande nou tout vote li Wa nan kè nou.
Refren
Pwoklame li wa!
Pwoklame li Senyè!
Pwoklame li wa nan kè nou.
Se li menm ki ka bay nou lavi,
Ki chanje sikonstans lè vi nou menase.
Se pou nou pwoklame Jezu Wa dè wa nan kè nou.
Malgre kè nou chaje ak peche
E Senyè a konnen ke nou genyen defo,
Nou komèt inikite ki toujou fèl fache;
Gen kèk fwa li pale nan kè nou,
Nou pito rebele e nou dezobeyi;
Li fè nou konnen amou li pap janm fane.
Senyè a si telman mèvèye,
LI tèlman gen puisans, li tèlman gen pouvwa,
Li toujou bay nou viktwa sou akolit Satan.
Jezu Kri ranpòte la viktwa
Sou lènmi levanjil, mete yo anba pyel;
Li va sove yo lè li va Wa nan kè yo.
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊