✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chorale Centrale EEBV
6 - Senyè a se limyè mwen (Sòm 27)
Left
Center
Right
Senyè a se limyè mwen (Sòm 27)
Senyè a se limyè mwen,
Se li ki delivrans mwen,
Ki moun ki ka fè m pè?
Se Senyè a k ap pwoteje mwen.
Ki moun ki ka fè m tranble.
Lè mechan yo, ap mache sou mwen,
Lè lènmi m yo ap chèche tiye m.
Se yo menm k ap bite,
Se yo menm k ap tonbe.
Menm si tout yon lame ta sènen m toupatou,
Mwen p ap pè anyen.
Menm si yo ta vle fè m lagè,
M ap toujou gen konfyans nan Bondye (
bis 4 liy
).
Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil:
Se pou m ta pase tout lavi mwen nan kay Senyè a (
bis, 2 liy
).
Senyè tande m non,
Lè m ap rele ou.
Gen pitye pou mwen,
Reponn mwen non (
bis, 4 liy
).
Ou pale nan kè mwen,
Ou di m vini jwenn ou.
M ap vin jwenn ou, Senyè,
Pa vire do ban mwen (
bis 4 liy
).
Papa m ak manman m te mèt lage m,
Senyè a va ranmase mwen (
bis, 2 liy
).
Senyè, montre m jan ou vle m viv la.
Fè mache nan chemen ki pa gen move pa.
Pa lage m nan men lènmi m yo.
Mete espwa ou nan Senyè a (ter)
Gen konfyans. (Bas ak Tenò: Gen konfyans), pa dekouraje
Mete espwa ou nan Senyè a
(bis)
.
Gen konfyans, pa dekouraje…
Wi, mete espwa ou nan Senyè a.
A a a mèn! A a mèn! A a mèn!
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊