✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
20 - Yon jou m a sispann chante m yo
Left
Center
Right
20 CEK, Page 127
Yon jou m a sispann chante m yo
Vwa m a rete san l pa chante;
Men ak sen ki nan laglwa yo
Nanm mwen va kontan pou l mele.
Kè
M ava wè li menm jan li ye,
Jezi Sovè m, pitit Bondye
(2 liy 2 fwa)
2
Yon jou fòk kanmenm mwen kite
Abitasyon-m sou latè a,
Men pòt abitasyon Bondye
Va louvri pou mwen jou sa a.
Kè
M ava wè li menm jan li ye,
Jezi Sovè m, pitit Bondye
(2 liy 2 fwa)
3
Yon jou fènwa va kouvri mwen,
Solèy va kouche pou toujou;
Men anwo Jezi va pran mwen,
P ap gen fènwa, tout tan se jou
Kè
M ava wè li menm jan li ye,
Jezi Sovè m, pitit Bondye
(2 liy 2 fwa)
4
Fò l vini jou laglwa sa a,
Se li ki asirans kè mwen,
Senyè, kenbe-m pare pou sa,
Nan ou m-mete tout konfyans mwen
Kè
M ava wè li menm jan li ye,
Jezi Sovè m, pitit Bondye
(2 liy 2 fwa)
20 CEK, Page 127
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊