✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
22 - Senyè Bondye mwen vle lavi m
Left
Center
Right
22
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 127
Senyè Bondye mwen vle lavi m
Ka ranpli ak louwanj.
Fè tout sa m ye, ak tout sa m fè,
Fè w plezi tankou zanj.
2
Se pa sèlman louwanj nan bouch
Ni sèlman louwanj kè,
Mwen mande ou ede m ofri w
Louwanj nenpòt ki lè.
3
Mwen vle louwe ou tout tan, menm
Nan bagay òdinè;
Chak fwa m sòti oubyen m antre,
Epi nan tou sa m fè.
4
Fè tout pati ki nan mwen yo:
Kò, nanm avèk lespri
Ka chante louwanj ou, Senyè,
Malgre m fèb e piti.
5
Se konsa, Senyè, nan tout vi m
Mwen va glorifiye ou,
E m va kòmanse sou latè
Chan ki pou syèl la tou.
6
Fè ni lajounen ni lannuit,
Mwen viv yon vi ki sen,
Pou m gen yon kominyon pafè
Ak ou, menm isiba.
22 CEC, Page 127
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊