✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
33 - Senyè, pale mwen pou m pale
Left
Center
Right
33
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 131
Senyè, pale mwen pou m pale
Tankou yon eko vwa ou menm.
Kite m chèche, menm jan kon ou,
Pitit ou ki pèdi, ki sèl.
2
Gide m Senyè pou m ka gide
Pye moun ki pran move chemen.
Ban m manje pou m kapab nouri
Moun ki grangou ak lamàn ou.
3
Ban mwen fòs pou m rete fidèl,
Kanpe sou yon wòch ki solid;
Pou mwen kapab lonje men tou
Ede moun k ap bat ak lavi.
4
Senyè, montre m tout sa ki bon,
Pou mwen montre lòt moun yo tou;
Dirije m nan tout sa m ap fè,
Pou pawòl mwen touche kè yo
5
Ban m lapè ou ki tèlman dous,
Pou m kapab pale ak dousè
Avèk tout moun ki nan detrès.
Epi ban mwen bèl pawòl ou.
6
Ranpli mwen jan ou vle, Senyè,
Jouk kè m kapab debòde tou;
Pou rakonte gran amou ou
Nan pawòl tankou nan aksyon.
7
Sèvi ak mwen jan w vle, Senyè,
Kondui mwen tout kote ou vle;
Jouk tan m a wè fas beni ou,
Pou m pataje glwa ak jwa ou.
33 CEC, Page 131
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊