✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
34 - Èske w ta vle viv pou
Left
Center
Right
34
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 131
Èske w ta vle viv pou
Jezi nèt e pou toujou?
Èske ou vle mache
Avèk li toulejou?
Èske ou vle li pote chay ou,
Soutni kè ou tou?
Kite l fè ou kon li vle.
Kè
Pisans li ka fè ou sa ou dwe ye,
San l ka netwaye kè ou kon li ye,
Lanmou li va plen nanm ou, si ou kwè.
Pito w kite l kondui ou kon li vle.
2
Èske w vle li fè ou lib pou
Suiv li koutkekout?
Èske ou vle kouraj pou
Fè nenpòt ki wout?
Èske ou vle li delivre ou
Nan tout pyèj, tout dout?
Kite l fè ou kon li vle.
Kè
Pisans li ka fè ou sa ou dwe ye,
San l ka netwaye kè ou kon li ye,
Lanmou li va plen nanm ou, si ou kwè.
Pito w kite l kondui ou kon li vle.
3
Èske ou chache yon repo
Pou nanm ou ki twouble?
Èske ou vle Kris la
Avèk ou nan eprèv?
Èske ou vle obeyi li
E pote fwi bon zèv?
Kite l fè ou kon li vle.
Kè
Pisans li ka fè ou sa ou dwe ye,
San l ka netwaye kè ou kon li ye,
Lanmou li va plen nanm ou, si ou kwè.
Pito w kite l kondui ou kon li vle.
34 CEC, Page 131
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊