✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
37 - Gen limyè nan nanm mwen jodi a
Left
Center
Right
37
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 132
1
Gen limyè nan nanm mwen jodi a
Avèk glwa pi gran pase
Menm solèy la nou wè nan syèl la,
Paske Jezi te klere m.
Kè
Wi gen limyè, gen bèl limyè;
Mwen kontan mwen vle toujou chante
Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen
Limyè sa a toujou rete.
2
Gen kantik nan nanm mwen jodi a
Se yon kantik pou Jezi;
E li konnen sa mwen pa ka di,
Paske lanmou l san mezi.
Kè
Wi gen limyè, gen bèl limyè;
Mwen kontan mwen vle toujou chante
Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen
Limyè sa a toujou rete.
3
Gen lajwa nan nanm mwen jodi a
Ak espwa louwanj, lanmou,
Pou byenfè li ban mwen toulejou,
Pou syèl la li ban mwen tou.
Kè
Wi gen limyè, gen bèl limyè;
Mwen kontan mwen vle toujou chante
Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen
Limyè sa a toujou rete.
37 CEC, Page 132
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊