✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
40 - N ap chante Wa a ki gen pou vini
Left
Center
Right
40 CEK, Page 132
1
N ap chante Wa a ki gen pou vini,
Glwa pou Jezi, mouton an ki mouri
Pou ofri tout moun delivrans, lavi.
Tout pèp va kontan lè Jezi va Wa!
Kè
Vini chante: Glwa pou Jezi,
Alelouya, glwa pou Jezi!
Nou ki moun pa Jezi, sa se chan nou:
Tout glwa pou Jezi se li ki Wa nou.
2
Pèp yo va rete nan bèl limyè li,
Tout moun va ansanm, wi yo va ini.
Se laverite ki va etabli.
P ap gen lenjistis, lè Jezi va Wa !
3
Tout bagay va bon nan wayòm Kris li,
Kot libète ak sajès pral vini.
Tout lènmi nou yo va tounen zanmi.
Tout zam mete ba lè Jezi va Wa.
4
Tout moun va mache nan pisans Lespri.
Dout p ap ka twouble moun ki nan Jezi.
Nou pa pè lanfè, fòs lanmò fini,
Lanmou toupatou, lè Jezi va Wa.
5
N ap lapriyè pou Wayòm Kris vini.
Bondye, fè li vini vit pou ou detwi
Tout move bagay, pou nou kapab di:
Rèy Satan kaba, se Jezi ki Wa.
40 CEK, Page 132
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊