✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
53 - Yon jou avan kouche solèy
Left
Center
Right
53
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 136
Yon jou avan kouche solèy,
Anpil malad te rete la
Devan Jezi, nan gran doulè.
Aprè, yo ale avèk jwa.
Kè
Yon fwa ankò, aswè a tou,
Men nou pwoche bò Jezikri.
Senyè si nou pa wè kò ou,
Nou kwè ou isit an espri.
2
O Sovè, chase tout malè.
Gen pami nou moun ki soufran,
Gen lòt ki tris, ou nan mizè;
Lòt k ap soufri nan men Satan.
3
Lemonn twonpe jènjan,jènfi,
E yo rete ladan toujou!
Gen moun ki gen move zanmi,
Poutan yo pa vle vin jwenn ou!
4
Tout moun sa yo bezwen lapè,
Sove anba bagay ki fo.
Menn moun yo k ap swiv ou pi pre,
Santi peche anndan kè yo!
5
O Sovè Kris, ou se moun tou.
Lè, sou latè, ou te yon nonm,
Ou te grangou ak tante tou.
Ou konn sa ki nan kè lèzòm.
6
Men, ou toujou menm pisans,
Pawòl ou genyen fòs toujou.
Beni nou tou an abondans,
E aswè a vin geri nou.
53 CEC, Page 136
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊