✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
54 - Leve, nanm mwen ak solèy la
Left
Center
Right
54
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 136
1
Leve, nanm mwen ak solèy la,
Kòmanse tach ou jodi a.
Premye bagay ou gen pou fè
Se louwe Bondye ak tout kè.
2
Pinga ou gaspiye tan ou!
Viv jodi a kou dènye jou;
Anplwaye talan ou yo byen,
Nou tout va jije a lafen.
3
Tout pawòl ou yo dwe sensè,
Konsyans ou dwe toujou klè;
Paske Bondye wè sa w ap fè,
Li konn tout panse nan tout kè.
4
Kè mwen, se pou ou leve tou,
Tout zanj yo va chante ak ou.
Yo menm, yo pa p janm fatige
Louwe, beni, sèvi Bondye.
5
Bondye, mwen vle di ou mèsi
Ou te pwoteje m lè m dòmi,
Lè mwen dòmi pou dènye fwa
Fè m leve devan ou ak jwa.
6
Mwen vle remèt mwen nan men ou,
Netwaye kè m ak lespri m tou.
Gide volonte mwen chak jou
E ranpli mwen ak Lespri ou.
7
Gide m, Senye m vle ou kondwi m
Nan sa m ap pou panse, fè, ou di.
Pou tout fòs mwen kapab sèvi
Pou laglwa ou, Senyè Jezi.
8
Beni Bondye ki renmen nou,
Beni li tout moun tou patou.
Ak zanj nan syèl yo ann beni
Papa, Pitit e Sentespri.
54 CEC, Page 136
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊