✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
56 - Glwa pou Bondye ki nan syèl la
Left
Center
Right
56 CEK, Page 137
1
Glwa pou Bondye ki nan syèl la,
Glwa pou Bondye sou late tou.
Glwa pou li maten, midi, swa
Glwa pou Bondye nou toupatou.
2
Mèsi, Bondye pou le solèy
K ap klere nou, k ap chofe nou;
Mèsi Bondye pou lapli a
Ou bay nou woze jaden nou.
3
Mèsi Bondye pou fanmi nou;
Pou manman, papa, pitit tou;
Mèsi pou tout frè, sè nou yo,
Ki renmen nou, sipòte nou.
4
Mèsi Bondye pou zanmi nou,
Mèsi pou tout frè levanjil;
Pou sè nou yo nan legliz ou,
Nou tout se youn nan Jezikri.
5
Mèsi Bondye pou lanmou ou
Mèsi Bondye, pou Jezikri.
Mèsi anpil pou Sentespri
K ap gide nou, konsole nou.
6
O ! padone tout peche nou;
Netwaye tout anndan kè nou.
Ban nou gras ou jou aprè jou
Pou n kapab fè vonlonte ou.
7
Beni Bondye ki renmen nou,
Beni li tout moun toupatou.
Ak zanj nan syèl yo ann beni
Papa, Pitit e Sentespri.
56 CEK, Page 137
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊