✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
61 - Sere m pi pre ou tou pre kè ou
2
Melodie
Melodie
Left
Center
Right
61 Chant d'Espérance | CEC, Page 138
1
Sere m pi pre ou, tou pre kè ou
Ou se trezò mwen, ou se Sovè m tou.
Kenbe m, o kenbe m, Bondye damou.
Fè m jwenn yon kote pou m kache nan ou. (2 fwa)
2
Sere m pi pre ou; m pa gen anyen,
Okenn bèl ofrann pou Jezi wa mwen;
Sèlman yon kè ki te plen peche.
Men mwen, Jezi, san ou koule pou mwen. (2 fwa)
3
Sere m pi pre ou, Senyè Jezi.
Se pa pou monn sa a kè mwen gen dezi.
Mwen lage peche ak tout lògèy.
Ban m sèlman Jezi Senyè m krisifye. (2 fwa)
4
Sere m pi pre ou, pandan vi sa a,
Jouk tan m a la avèk ou nan laglwa,
Pou mwen rete toujou avèk ou,
Pi pre ou Sovè m, pi pre ou toujou. (2 fwa)
61 CEC, Page 138
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊