✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
62 - Lontan mwen te rete nan lògèy
Left
Center
Right
62
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 138
1
Lontan mwen te rete nan lògèy;
M pa t rann kont Senyè m te krisifye;
M pa t konnen se pou mwen san l koule
Sou bwa Kalvè.
Kè
Tout gras Bondye te pou granmesi,
Jezi te ban mwen tout padon li.
Nanm mwen ki te twouble jwenn lavi
Sou bwa Kalvè.
2
Pawòl Bondye te montre m peche m;
Lò mwen wè lalwa mwen te tranble,
Jouk tan nanm koupab mwen te vire
Bò bwa Kalvè.
3
Kounye a m remèt Kris tout bagay
Kounye a se pou li m ap travay;
Kounye a se remèsiman m ap bay
Pou bwa Kalvè.
4
O ! lanmou ki te fè plan sali!
O ! lagras ki te fè li vini!
Se pou peche mwen Kris te soufri
Sou bwa Kalvè.
62 CEC, Page 138
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊